Nan aswè dimanch 31 out 2025, anviwon 8è45, yon aksidan mortèl rive toupre komisarya komin Plaisance-du-Nord. Yon trelè ki t ap sòti nan direksyon Kap-Ayisyen, chaje ak planch bwa 2×4, pase sou yon sitwayen ki rele Jerry Jermana, ki pèdi lavi li sou plas.
Temwen rapòte yo pa t remake okenn prezans otorite lokal, eksepte yon sèl polisye ki t ap eseye òganize pasaj machin yo sou wout Kap-Ayisyen–Gonayiv, kote sikilasyon te vin trè difisil aprè dram sa a.
Jean Sauveur Cléus

The post Plaisance-du-Nord | Yon sitwayen pèdi lavi’l nan yon aksidan grav first appeared on Rezo Nòdwès.
Via Rezo Nòdwès
Read original article
Comments (0)
Add a Comment
No comments yet