Emely Martinez, 36 lane, akize pou pratik dantis ilegal, apre plizyè viktim fin sibi enfeksyon ak domaj grav nan bouch yo
Emely Martinez, yon fanm 36 lane ki rete nan Pinellas Park, jwenn arestasyon paske li se yon fo dantis. San okenn fòmasyon, li te konn pibliye sou rezo sosyal yo pou l ofri sèvis ak moun ki gen pwoblèm nan dan, kote li plede sèvi ak kreziklou pou kole fo pwotèz yo.
Plizyè kliyan ki viktim yo rapòte yo gen gwo doulè, enfeksyon grav, epi kèk ladan yo te oblije al lopital an ijans pou eseye sove dan yo. Daprè otorite yo, omwen 2 moun te deja oblije fè swen espesyalize apre entèvansyon fo dantis la nan bouch yo.
Pandan dantis pwofesyonèl yo konn chaje ant 900 a 1 500 dola pou poz fasèt yo, Martinez li menm te konn pwopoze yon pri ki atire moun : 2 500 dola pou tout dan. Ti kal pri sa a finalman tounen yon gwo pèt, paske viktim yo pèdi lajan epi yo mete sante yo an danje.
Sa pa premye fwa otorite yo mete men sou fo dantis sa. Mwa mas pase a, yo te deja arete l nan zòn Hillsborough pou menm pratik yo. Li te gen pou l konparèt devan tribinal semèn pase a, men li te rekòmanse aktivite ilegal li yo nan mwa jen ak jiyè. Lapolis menm sispèk ke li te eseye fè ekstraksyon ak lòt entèvansyon sou timoun.
Lapolis Pinellas Park lan mande nenpòt lòt viktim ki sibi anba pratik Emely Martinez yo pou vini bay temwayaj. Kounye a, li ap fè fas ak plent nan 2 konte diferan, epi yo mete l nan prizon konte Pinellas kote li gen pou reponn devan lajistis.
Li tou :
Gwoup Konbit lance la Campagne Nationale du Guide Konbit
Via Juno 7
Read original article
Comments (0)
Add a Comment
No comments yet