Sa pa gen lontan lè yo te rele m pou m sèvi kòm entèprèt pou yon jèn Ayisyèn ki te fenk rive Ozetazini. Li te gen yon entèvyou nan Zoom ak avoka li pou konnen si li te kalifye pou jwenn asistans gratis nan yon dosye imigrasyon. Lè m salye li an kreyòl, li pa reponn mwen. M salye l ankò, pi fò. Li vire tèt li. Apre sa, mwen mande li an anglè si li pale kreyòl. Se lè sa a mwen rann mwen kont se pa paske li pa t konprann mwen. Se paske li te wont.
Demwazèl la te di li ka fè entèvyou a an angle. Kidonk, mwen pa te ensiste. Mwen te di li m ap rete sizoka li ta bezwen mwen epi m mete m sou silans. Entèvyou a te kontinye an anglè. Kèk minit apre, li te kole. Mwen ede li reponn kesyon an epi m kite l kontinye.
Depi jou sa a, mwen reflechi anpil sou moman sa a. Se pa paske se premye fwa sa rive m. Okontrè, sa rive twò souvan. Mwen toujou ap mande tèt mwen kisa nou bezwen pou geri vye maleng sa a.

Se poutèt sa, m ap mande ou menm k ap li mwen:
Èske kreyòl se yon lang enferyè vre?
Mwen pa poze kesyon sa a pou louvri deba initil. Mwen poze l paske nou p ap janm chèche remèd si nou pa konnen maladi nou soufri a. Anvan nou ka geri maleng sa a, fòk nou gade kijan li donnen, epi poukisa, nan lavi anpil Ayisyen, li kontinye fè mal jouk jounen jodi a.
Gen anpil eksperyans ki ka fè yon moun vin vire do bay pwòp lang pa li.
Gen timoun ki grandi Pòtoprens, kote franse te lang yo aprann nan lekòl, lang yo li nan jounal, lang yo preche nan legliz, pandan kreyòl te rete lang yo tande nan mache, lang lakou, lang yo te sèvi lè y ap reprimande yo.
Gen timoun nan pwovens ki te konn resevwa jeton, yon ti objè yo te bay kòm pinisyon lè yon timoun te pale kreyòl nan klas, epi yo te pase tout jounen an ap mache ak wont sa a men yo.
Gen jèn fi ak jèn gason ki soti nan fanmi ki te bat dlo pou fè bè pou yo te ka pale franse, paske yo te kwè se franse ki louvri pòt, pa kreyòl.
Gen timoun nan dyaspora a yo te pase nan betiz, pa sèlman paske yo pale kreyòl, men paske aksan kreyòl la te fò sou yo lè y ap pale angle.
Gen pwofesyonèl ki te aprann, menm lè pèsonn pa t janm di sa klèman, nan kèk espas, pale franse se yon siy konpetans.
Okenn nan moun sa yo pa t leve yon maten epi deside wont pale kreyòl. Yo te aprann sa. E souvan, se moun ki te renmen yo ki te transmèt leson sa a, paske yo te kwè se konsa yo te ka pwoteje yo.
Kidonk, èske kreyòl se yon lang enferyè? Non. Mwen pa di sa paske mwen se yon Ayisyen ki fyè jouk nan zo. Lengwis yo klè sou sa: pa gen okenn lang ki enferyè parapò ak yon lòt. Tout lang gen kapasite pou pote panse, memwa, konesans, bote, ak konpleksite. Kreyòl pa yon eksepsyon. Li gen gramè pa li, literati pa li, pwezi pa li, ak tradisyon entelektyèl pa li.
Men verite sa yo poukont yo pa geri. Reyalite yo pa frape pòt kay kote wont ap viv la.
Verite ki pi difisil la, se pandan pifò nan listwa nou, yo te trete kreyòl tankou yon lang ki pa vo anyen. Epi se menm enstitisyon ki te fòme ayisyen yo ki te fè sa. Pandan plizyè jenerasyon, elèv te konn resevwa jeton mwen sot pale a. Moun ki te kenbe l nan fen jounen an te konn pran baton oswa yo imilye li devan tout lekòl la. Se pa fòklò m ap rakonte nou mesyedam. Se konsa yo te konn fòme timoun nan lekòl Ayiti. Epi sa ki pi rèd la, gen kèk lekòl ki kenbe prensip sa a jouk jounen jodi a.
Otorite nou yo pa te kite kreyòl antre nan lekòl kòm lang ansèyman jouk an 1979, gras ak Refòm Bèna a. Se sèlman ak Konstitisyon 1987 la yo te rekonèt li kòm dezyèm lang ofisyèl peyi a. Men jouk jounen jodi a, yo kontinye ekate li nan anpil domèn tankou medsin, lalwa, inivèsite, ak piblikasyon fòmèl. Lè yon lang pa gen plas li nan espas kote otorite ap egzèse, sa pa dwe etone n si moun fini pa kwè lang sa a pa gen plas li nan espas sa yo.
E lè Ayisyen kite peyi a, anpil ladan yo pote menm rapò dominasyon sa a avèk yo nan legliz, nan lekòl, nan kay, ak nan travay aletranje. Maleng sa a pa rete Ayiti sèlman. Li travèse fwontyè yo avèk nou.

Se sa k fè kesyon an pa sèlman pou n mande si kreyòl enferyè. Lòt kesyon enpòtan nou dwe poze se:
Enferyè devan kisa? Daprè kiyès? Epi pou sèvi ki enterè?
Epi petèt kesyon ki pi difisil la se sa a: ki pri n ap peye, kòm moun epi kòm pèp, lè nou kontinye kwè manti sa a?
Mwen pa kwè demwazèl sa a te gen tò. Mwen kwè li t ap pote yon chay ki te la menm anvan li te fèt. Yon bagay okenn nan nou pa t chwazi, men anpil nan nou toujou ap aprann kijan pou nou retire l sou do nou, nan fason pa nou, ak rit pa nou.
Lang nou, fòs nou, idantite nou se yon pwojè gerizon. Chak mwa, ribrik sa a pral pran youn nan aspè ki gen rapò ak relasyon nou ak kreyòl pou n gade yo epi pale karebare konsènan: wont, idantite, kilti, edikasyon, listwa, teknoloji, ekonomi, sante mantal, elatriye. Objektif la se pa fòse pèsonn sispann santi sa yo santi. Yon moun pa sispann santi l wont nan pale sèlman. Gerizon mande verite, tan, ak antrènman.
Ribrik sa a se yon espas pou n fè travay sa a ansanm, epi pou n montre tout moun sa kreyòl kapab fè lè nou finalman retire l nan kalòj la epi kite l vole ak pwòp zèl li.
Mwa pwochen: Kisa yon timoun pèdi lè nou pa montre li pale kreyòl.
Marleen Julien Souverain ekri, tradui, epi defann lang ayisyen an. Li se fondatris Creole Solutions epi otè Nan Jaden Amoni.
Comments (0)
Add a Comment
No comments yet