Kay kraze, kay boule, menm bòl twalèt pote ale. popilasyon an retounen jwenn yon dezolasyon total aprè apèl lapè Jimmy Chérizier alias Barbecue.
Depi plizyè mwa, Solino, Dèlma 30, Kriswa ak Nazon ap viv anba laterè kowalisyon gang Viv Ansanm. Depi ane pase, gwoup ame sa yo te lanse yon vyolans san parèy sou katye sa yo, kote yo te touye, boule, kraze epi piye kay sitwayen yo. Dega yo tèlman grav, anpil moun konpare sa ak yon lagè kote bonm tonbe.
Sitwayen ki te kouri kite zòn yo pandan atak yo te panse yo ta pral retounen jwenn kay yo kanpe, men reyalite a se yon dezolasyon. Nan mikwo plizyè medya, moun yo rakonte doulè yo: “Kay mwen kraze, mèb mwen boule, tout sa m te kite dèyè disparèt.”
Nan foto ak videyo ki sikile sou rezo sosyal yo, moun remake yon bagay ki parèt absid: menm bòl twalèt, seramik, pòt ak tòl kay yo, manm gang yo rache epi pote ale. Sa rann plizyè moun plis dekouraje devan enpòtans dega yo.
Apre tout vyolans sa, pòt pawòl kowalisyon Viv Ansanm nan, Jimmy Chérizier alias Barbecue, te fè yon deklarasyon semèn pase a kote li mande lapè e li envite moun yo retounen viv nan katye yo. Men, lè yo tounen, se yon dezolasyon total yo jwenn.
Kèk jou aprè mesaj Barbecue a, lapolis pibliye yon mesaj odyo pou avèti popilasyon an. Nan mesaj sa, yo konseye moun yo pou yo pa tounen nan zòn yo san lòd ofisyèl lapolis oswa gouvènman.
Jodi a, dè milye moun ki te fòse kite kay yo ap viv nan kondisyon difisil: swa nan kan deplase, swa nan kay fanmi ak zanmi. Yo pa gen okenn mwayen pou rekonstrui kay yo, ni pou re-achte mèb ak lòt byen yo te pèdi. Espwa pou retounen nan yon vi nòmal ap vin pi lwen chak jou.
Pou anpil moun, katye Solino, Dèlma 30 ak Nazon se yon senbòl de kijan laterè gang yo ap detwi lavi popilasyon an pandan enstitisyon leta yo parèt fèb devan kriz la.
Dekouvri plis:
Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 4 Septembre 2025 est de 130,55 HTG pour 1 USD
Via Juno 7
Read original article
Comments (0)
Add a Comment
No comments yet